MSR stars la slameuse +509 46813744

MSR stars la slameuse +509 46813744 slames chante danse

Bizarre 🤔 Jodia m kenbe plum, kayem ak dezespwa Enspire de lanmou pou mwen pa fasil yon relasyon ladanl m akouche stress...
22/10/2022

Bizarre 🤔

Jodia m kenbe plum, kayem ak dezespwa

Enspire de lanmou pou mwen pa fasil

yon relasyon ladanl m akouche stress franchman mwen san zespwa

Lanmou pam nan an egzil

Refren:

Bizarre 🤔 bizarre 🤔

Bizarre 🤔

M konnen nou pral mandem plus detay

Nan plas lanmou li fèm pase tray

Pou lanmou sa m bat anpil nay

Depi lè sa m pa kache di'n mwen ak lanmou nan batay

M te kwè nan li depi jou sa sou lèv mwen bonè ak espwa fly

Yon relasyon m pat lache yon may

Yon ti van lavi an botel tankou pay

Msr stars la slameuse

Sa demen ap ofrim 🙇 De jou an jou m remake ke rèv mwen ap fruim Nan vim pa janm gon nouvèl pòt ki louvri pa janm gon nou...
22/10/2022

Sa demen ap ofrim 🙇

De jou an jou m remake ke rèv mwen ap fruim

Nan vim pa janm gon nouvèl pòt ki louvri pa janm gon nouvèl istwak kmanse

Sou wout mwen se sèl pase m rankontre Se toujou menm dram nan menm istwa an menm ti koze kite pase a yè Bon kisa demen ap ofrim 🤷

Yon dlo nan jem ki pa janm seche 😭😭😭😭😭😭
Yon gwo lans sou vim 🙇yon pase kap nwim e yon >

Refren :

Sa demen ap ofrim 🤷 sa demen ap ofrim 🤷

Franchman vi an banm degou

Chak move frap lavi an banm se sèl kayem ki potem sékou

Vi an banm anpil leson, li aprann mwen se nan tay mwen poum met kansonm

Fanm djanm ,fanm > eyyyy sispann lonmen nonm

Msr stars la slameuse

Ayiti 🙏🙏🙏🙏Ayiti san avni Nan men rèv jenès l'an li met beki 👩‍🦯Nan pwen egzanp pou piti yo pou lekòl yo pa gen anvi peyi...
22/10/2022

Ayiti 🙏🙏🙏🙏

Ayiti san avni

Nan men rèv jenès l'an li met beki 👩‍🦯

Nan pwen egzanp pou piti yo pou lekòl yo pa gen anvi

peyim malad li pa janm jwnn bon tretman nan li franchman nan li pa gen vi 😭😭😭😭
Refr:

Ayiti 🙏🙏🙏

Ayiti nèg sal pran dinitel

Peyim avòte succès lakouche stress franchman bonè kouri kitel 🏃

Yon peyi kite si dous, kounya ayiti nan manje dwèt pous

Refr:

Ayiti ayiti 🙏🙏🙏

Ayiti chay la Lou

Aprè dans kiyès kap edel soutni tanbou Lou

Ayiti pitit ou yo relew manman

M'en devan Lòt nasyon ou kon bébé nan bibon

Refren:

Ayiti 🙏🙏🙏

Pou jèn nou yo nan pwen avni

Jodia peyim >

Devan jel yap fè pitit li yo pase mati

Peyim anfante dezespwa avanl akouche > se echèk ki bal gan

Refren :
Ayiti ayiti 🙏🙏🙏

Ayiti 🙏

Ayiti lavi nwa

Grenn balèn espwal dirijan'n yo vann li pou pouvwa

Pwòp pitit li kontribye nan echèk li , ayiti san zespwa

Nan salon espwa peyim, dirijan'n yo > plas ak lòt nasyon pitit tè an san zenterè franchman nou pa gen le chwa

Refren :

Ayiti ayiti 🙏🙏🙏

Peyim an pèdisyon

Pitit tè an metel an depresyon

Ayiti demisyone pitit tè an nan fè figi devan lòt nasyon

Msr stars la slameuse

Address

Delmars, 6 October City
6 October City
1234567

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when MSR stars la slameuse +509 46813744 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to MSR stars la slameuse +509 46813744:

Share

Category