CDVagence immobilière

CDVagence immobilière Vente louer et location

14/09/2026
14/09/2026

Jij federal Jacqueline Becerra deside tribinal li a gen otorite pou kontinye egzamine yon pwosè 992 Kiben te depoze pou mande aksè ak Lwa Ajisteman Kiben an. Li rejte, nan etap sa a, demann DHS te fè pou fèmen dosye a, men li bay avoka gouvènman an yon semèn pou modifye agiman yo.

Avoka plentif yo vle pwosè a tounen yon aksyon kolektif nasyonal ki ta ka konsène plizyè santèn milye Kiben ki te antre nan fwontyè Meksik la san dokiman « parole » la. Desizyon an pa ba yo rezidans otomatikman: tribinal la poko aksepte aksyon kolektif la ni pran yon desizyon final sou dwa yo pou aplike anba Lwa Ajisteman Kiben an.

Sous: EFE atravè SWI swissinfo.ch⁠. 🗞️

13/09/2026

Nan yon lèt li voye bay Prezidan Donald Trump nan dat 8 septanm 2026, Achevèk Paul S. Coakley, prezidan Konferans Evèk Katolik Etazini yo, mande administrasyon ameriken an sispann depòtasyon an mas Ayisyen k ap viv anpè Ozetazini. Li fè konnen vyolans gang yo, deplasman popilasyon an ak feblès sistèm ki dwe resevwa epi reyentegre moun depòte yo mete lavi yo an danje.

Achevèk la mande Trump sèvi ak pouvwa li pou bay Ayisyen sa yo yon pwoteksyon tanporè kont depòtasyon, pandan moun ki reprezante yon danje pou sekirite ta toujou kapab trete ka pa ka.

Coakley rekonèt dwa gouvènman an pou aplike lwa imigrasyon yo, men li ensiste sou nesesite pou pwoteje lavi, fanmi ak kontribisyon Ayisyen yo nan ekonomi ak sistèm sante ameriken an. Enfòmasyon an konfime nan lèt ofisyèl USCCB a⁠.

13/09/2026

🇺🇸🔴Whoopi Goldberg atake Trump : « Ou te prezidan sèlman pou tèt pa w » 🚨
​Aktris ak animatris Whoopi Goldberg voye yon gwo kritik kont Donald Trump kote li t ap mande piblikman sa li fè tout bon pou pèp ameriken an.

​Goldberg deklare Trump pa t janm reyalize wòl li kòm prezidan pèp la epi li te pi plis sou tèt pa l sèlman.
Pou fini, li lage yon fraz ki fè anpil bri : « Eritaj ou ap disparèt epi w pa p anyen pase yon senp ti nòt anba paj nan istwa a. »
​Swiv nou sou Labady pou plis enfòmasyon chak jou ! 🧠
​

12/09/2026

🇺🇸🔴Etazini : Plent lajistis kont ICE paske ajan yo parèt toupre sant de vot 🚨
​Yon gwo plent fèt nan yon tribinal federal kont dirijan Sèvis Imigrasyon an (ICE) apre ajan arme te parèt nan parking sant de vot nan San Antonio ak Syracuse.
Plent lan baze sou yon ansyen lwa ki entèdi moun ki gen zam rete kote moun ap vote.

Bò kote pa l, direktè ICE la deklare yo pa fè patwouy nan zòn sa yo e yo ap vini sèlman si gen yon menas oubyen yon manda.
​Swiv nou sou Labady pou plis enfòmasyon chak jou ! 🧠
​

12/09/2026

🇭🇹 DEPÒTASYON AYISYEN YO: ACHEVÈK COAKLEY EKRI PREZIDAN TRUMP

Achevèk Paul S. Coakley, prezidan Konferans Evèk Katolik Etazini (USCCB), mande administrasyon Trump lan pou evite depòtasyon an mas epi pran an konsiderasyon sitiyasyon imanitè ak sekirite ann Ayiti. USCCB deja pran pozisyon piblik kont depòtasyon indiscriminate epi li kontinye mande refòm nan fason politik imigrasyon yo aplike.

Adresse

Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque CDVagence immobilière publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager