08/03/2026
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm yo, 8 Mas, nou selebre fòs, kouraj, ak kreyativite fanm yo.sann pa bliye ke Fanm gen dwa pou fè tèt li plezi, al lekol vin sa ke li anvi ak swete ye. Fòk Nou kontinye kraze baryè ki fèn kwè ke plas Fanm se anndan yon fwaye li ye . Selebrasyon sa pa ka kache doulè ak vyolans ki kontinye frape yo chak jou. Chak zak vyolans sou yon fanm se yon krim kont limanite, yon blesi sou diyite nou kòm pèp. Nou rele pou yon sosyete kote respè ak egalite pa rete nan pawòl, men vin reyalite nan aksyon. Se pou 8 Mas vin tounen yon apèl pou chanje kè ak lespri, pou kraze chenn vyolans, pou bati yon mond kote fanm yo viv san laperèz, kote vwa yo tande, kote valè yo respekte. Fanm yo se poto mitan lavi,fanmi, se limyè ki gide chemen nou. Nou dwe pwoteje yo, onore yo.