08/12/2025
Kominike Ofisyèl
Fondasyon THERMILUS – Ayiti Avan Tou
Apre piblikasyon patenarya resan Fondasyon THERMILUS la, nou konstate yon gwo kantite mesaj, demann asistans, moun kap abone, kòmantè ak pataj sou tout espas kominikasyon nou yo. Nou remèsye popilasyon an pou konfyans ak enterè li mete nan travay nou.
Pou n kapab jere sitiyasyon an avèk anpil rigè, transparans ak òganizasyon, Fondasyon THERMILUS ap enfòme piblik la sou mezi sa yo ki pran:
1. Kreyasyon yon Komite Tretman Demann Sosyal ki gen misyon klasifye, analize, epi trete chak demann dapre kritè ki klè ak ekitab.
2. Miz an plas yon Sèvis Resepsyon ak Oryantasyon pou reponn mesaj piblik la, bay direktiv, epi asire bon jan swivi.
3. Ranfòsman estrikti entèn nou pou pi byen kowòdone pwojè, aktivite, ak pwogram asistans yo.
4. Publikasyon yon kalandriye ofisyèl pou aktivite, distribisyon ak pwogram yo, pou evite konfizyon ak move enfòmasyon.
Fondasyon THERMILUS rete angaje pou travay avèk serye, disiplin, ak respè an favè kominote a. Nou envite tout moun kontinye swiv kominikasyon ofisyèl nou yo pou rete enfòme sou pwochen etap yo.
Ayiti Avan Tou.
Fondasyon THERMILUS@