15/05/2026
Lanmou Charman — Epizòd 1
“Premye Rankont”
Soley maten an t ap leve dousman sou vil la. Moun yo t ap kouri dèyè lavi yo, machin t ap fè bri, men nan mitan tout dezòd sa a, te gen yon istwa ki t ap kòmanse san pèsonn pa konnen.
Kenson se te yon jèn gason ki te konn viv ak anpil rèv. Li te serye, trankil, men kè li te toujou chaje ak kestyon sou lanmou. Chak swa li te konn di tèt li:
“Èske gen yon moun ki fèt pou mwen vre?”
Pi bon zanmi li, Jhon, te toujou konn fè blag avè l.
— “Frè mwen, ou bezwen jwenn yon mennaj paske ou trò serye!”
Kenson te ri dousman.
— “Lanmou pa fasil konsa non.”
Nan menm moman an, nan yon lòt bò vil la, Nadeg t ap prepare pou ale travay. Li te bèl anpil, men dèyè bèl souri li a, li te konn soufri an silans apre yon ansyen relasyon ki te kraze kè li.
Zanmi li Mislove antre nan chanm nan avèk fòs.
— “Nadeg! Ou pa ka kontinye ap viv tankou moun ki pè renmen ankò!”
Nadeg soufle.
— “Mwen jis pa vle soufri ankò…”
Mislove kenbe men li.
— “Yon jou wap jwenn moun ki fèt pou ou.”
Pandan jounen an t ap pase, destin te gentan ap prepare yon sipriz.
Nan aprèmidi a, yon gwo lapli tonbe sou vil la. Kenson t ap kouri antre anba yon ti restoran pou l pa mouye. Men lè li leve tèt li…
Li wè Nadeg.
Je yo kontre.
Yon silans lou anvayi plas la.
Kenson santi kè li bat fò. Nadeg menm pa t ka retire je l sou li.
Jhon, ki te dèyè Kenson, pouse l dousman.
— “Ou wè? Men lanmou a rive!”
Nadeg souri timidman.
Mislove remake jan Kenson t ap gade zanmi li a.
Men pandan moman an t ap vin dous…
Yon machin nwa kanpe devan restoran an.
Yon nonm desann ladan l avèk figi di.
Tout moun rete sezi lè Nadeg lage yon ti kri:
— “Jonel…?”
Jonel retire linèt li dousman epi li di:
— “Ou te panse mwen pa t ap janm retounen?”
Abonne pou pa rate lot yo