PLATE FORME Politique Solution

PLATE FORME Politique Solution Pour un Haiti Meilleur, justice social et etat de droit

04/08/2026

LÈ VI PRIVE YON MOUN VIN YON ZAM KONT LI… KI KOTE RESPÈ POU DIGNITE MOUN YE?

Nan epòk teknoloji sa a, yon telefòn pa sèlman yon aparèy pou rele. Li pote sekrè, souvni, foto, mesaj ak pati ki pi prive nan lavi yon moun.

Lè yon moun pran yon videyo entim san otorizasyon epi li gaye li, li pa sèlman pataje yon imaj — li ka kraze diyite, repitasyon ak lapè yon moun.

Sa pi grav toujou lè moun ki ta dwe sèvi kòm pwoteksyon pou sitwayen yo ta sèvi ak pozisyon yo pou fè yon moun sibi imilyasyon. Inifòm pa dwe janm vle di moun gen dwa fè sa yo vle. Otorite dwe mache ansanm ak responsablite.

Nou bezwen yon sosyete kote moun respekte limit lòt moun, kote viktim yo jwenn sipò, epi kote nenpòt moun ki vyole dwa yon lòt moun dwe reponn devan lalwa.

⚖️ Respè pou vi prive se respè pou moun. Lè diyite yon moun atake, se tout sosyete a ki dwe reflechi.


Noijuste Salomon sitoyen angaje

13/07/2026

Nan sitiyasyon Ayiti ap viv jodi a, li pi enpòtan pase tout tan pou diplomasi nou sèvi enterè peyi a avèk pwofesyonalis, efikasite ak kredibilite. Ministè Afè Etranjè a gen yon wòl esansyèl nan pwoteje imaj peyi a epi ranfòse konfyans patnè entènasyonal nou yo.

Fason yo te jere dènye akizasyon ki te fèt kont kèk diplomat soulve kestyon enpòtan sou gouvènans, kominikasyon ak jesyon kriz. Lè gen akizasyon tankou koripsyon, detounman lajan oswa lòt move konduit grav, li nesesè pou otorite yo aji avèk rigè, nan respè lalwa ak prensip ki fè konnen yon moun pa koupab toutotan yo pa pwouve sa.

Diplomasi mande anpil diskresyon. Ankèt administratif pa dwe fèt sou rezo sosyal oswa devan je piblik. Kominikasyon enstitisyonèl la dwe fèt avèk prekosyon. Li dwe montre angajman ministè a pou transparans, men li pa dwe revele enfòmasyon ki ka afekte ankèt la oswa sal repitasyon moun yo anvan ankèt la fini.

Yon bon jesyon ta dwe baze sou plizyè prensip.

Premyeman, nenpòt diplomat ki anba akizasyon serye ta dwe raple imedyatman epi, si sa nesesè, sispann nan fonksyon li pandan ankèt la ap fèt. Sa pèmèt ankèt la fèt san presyon epi li pwoteje entegrite pwosesis la.

Dezyèmman, li enpòtan pou yo fè yon diferans klè ant diplomat yo raple pou rezon administratif nòmal ak sila yo raple poutèt ankèt oswa akizasyon. Melanje de kategori sa yo nan menm lis oswa menm kominikasyon kapab kreye konfizyon epi sal repitasyon diplomat ki pa anba okenn ankèt.

Twazyèmman, chak ankèt dwe fèt avèk endepandans. Lè sa nesesè, dwe gen odit finansye. Si gen siy ki montre yon zak kriminèl fèt, ministè a dwe travay ansanm ak otorite jidisyè ki gen konpetans pou sa.

Katriyèmman, kominikasyon piblik la dwe jwenn yon bon ekilib ant transparans ak diskresyon. Ministè a kapab fè konnen yon ankèt ap fèt epi reafime angajman li pou konbat koripsyon ak pwoteje entegrite sèvis diplomatik la, san li pa bezwen pibliye non moun ki konsène yo si lalwa pa egzije sa.

Lè ankèt la fini, rezilta yo dwe prezante dapre lalwa. Si yo jwenn yon diplomat koupab, dwe gen mezi administratif oswa jidisyè ki apwopriye. Si akizasyon yo pa pwouve, moun nan dwe jwenn tout dwa li ak repitasyon li retabli.

Pi lwen pase chak ka, sitiyasyon sa a dwe sèvi kòm yon opòtinite pou ranfòse mekanis kontwòl entèn yo, amelyore pwosedi pou nonmen diplomat yo epi ogmante transparans ak responsabilite nan Ministè Afè Etranjè a.

Ayiti deja ap fè fas ak gwo defi sou plan entènasyonal. Chak desizyon enstitisyon leta yo pran gen enpak sou fason mond lan wè peyi nou. Yon diplomasi solid pa bati sèlman sou bèl diskou. Li bati sou enstitisyon ki kredib, sou pwosedi ki serye ak sou yon kominikasyon ki responsab.

Objektif nou dwe se pwoteje enterè peyi a, respekte dwa tout moun ki konsène yo epi kenbe konfyans pèp la. Se konsa sèlman nou kapab konstwi yon diplomasi ki solid, ki merite respè epi ki sèvi Ayiti avèk diyite.

13 juillet 2026

Nicolas Duvalier

24/12/2025
Dossier Carel Pedre selon le FloridienComprendre pourquoi les chances de Carel Pedre d’éviter la déportation sont désorm...
23/12/2025

Dossier Carel Pedre selon le Floridien

Comprendre pourquoi les chances de Carel Pedre d’éviter la déportation sont désormais très faibles

Arrêté pour violence domestique présumée, Carel Pedre se retrouverait aujourd’hui dans une situation migratoire particulièrement complexe. Selon certaines informations, il aurait déjà été impliqué par le passé dans des incidents de violence domestique présumée, notamment dans une affaire liée au couple Papillon, un élément susceptible de peser dans l’appréciation globale de son dossier. Par ailleurs, des informations circulant au sein de la communauté laissent entendre que la demande de résidence permanente (formulaire I-130) aurait été déposée par son épouse, avec laquelle il ne résiderait pas sous le même toit, tandis que les faits de violence domestique présumée concerneraient une autre relation, sans lien direct avec la procédure migratoire. En situation d’overstay (dépassement de séjour) de visa et placé sous le coup d’une retenue de l’immigration (immigration hold), le journaliste culturel ferait désormais face à un risque réel de déportation, et ce, même en l’absence de condamnation pénale à ce stade. Un avocat spécialisé en droit de l’immigration a aidé Le Floridien à mieux comprendre les implications de cette situation délicate relevant de la « crimmigration », à la croisée du pénal et de l’immigration.

Lire l'article complet:

Au fil des heures qui ont suivi l’arrestation du journaliste culturel haïtien Carel Pedre pour violence domestique présumée en Floride, de nouveaux éléments

18/10/2025

Aujourd’hui, nous honorons la mémoire de Jean-Jacques Dessalines, Père de la Nation, assassiné le 17 octobre 1806.
Plus de deux siècles plus t**d, Jovenel Moïse a connu le même sort tragique, pour avoir combattu l’esclavage moderne. Président Jovenel Moïse Joverlein Moïse Primature de la République d'Haïti

15/07/2025

Selon sa labib Di nan exode 20:13 pèsòn pa gen dwa wete lavi on lòt. ( Tu ne tueras point) . A Mwen ke se pwòp lavi paw ki ta an danje, e ke w fè sa en légitime defans. Pou w sove tèt ou, ou byen yon Moun ke ou renmen. Kounya, èske oryantasyon seksyel jènòm nan mete lavi manman l an danje? Mw pa rete kwè sa. Mw plis kwè li fèl pou la wonte, paske pou li se imoral, pou sa Moun pral Di de li antanke manman jènòm nan. Touye a se on Zak kriminel , sa ki vle Di manman an dwe peye pou krim li fè a. N.B: zafè fanm ak fanm gason a gason an li pa kòrèk nan tèt Mwen ditou. Men antanke Moun, Nou dwe non sèlman gen respè pou on Moun ki gen oryantasyon seksyel ki diferan e Nou dwe Respekte dwa yo tou. Si gen on dezakò oswa difikilte pou konprann on frè, on sè, on zanmi, on pitit ki gay ou ki lesbiennes gen fason pou kominike ak li, chèche konprann li, priye pou li, oswa wè on pwofesyonèl avan sa dejenere. Men vyolans lan pa ka on solisyon❌. Tout FWA ou eseye tout sa yo sa pa mache , ou pa rive fè Moun nan chanje opinyon l vo mye ke w koupe pon ak Moun nan ou fini🤷. Se opinyon pa m🤗.

23/06/2025

God bless America!💪🏻

26/05/2025

Depi kèk tan lapolis ap lage drón nan plizyè teritwa pèdi
Anpil bandi mouri
Men gen kèk moun nan mitan popilasyon Ayisyèn nan
Ki poko ka gen kè kontan
Paske gro chef gang yo poko mouri

Dapre moun sa yo, travail lapolis la pa fin trò bon
Yo di drón yo manke lage ak précision
Yo toujou tande se bon pye Barbecue ki sove l'
Vitèlòm menm travèse Rivyè Griz, li jete l'
Etensèl dife vole nan vizaj Izo, yo blese l'
Izo te di nèg yo eseye l'

An reyalite
Sa nou panse a, se pa sa vre
Chef bandi yo echape nan operasyon sa yo
Menmjan ak tout lòt bandi k'ap kouri sove tèt yo
Lè Lapolis te lage drón yo nan Gran Ravin, Tilapli pat tonbe
Paske jou pa l' a poko rive

Men g'on lè k'ap rive
Tronpèt la va sone
N'ap wè fòs lòd yo dedouble
Pou yo touye tout bandi
Nan tout teritwa pèdi

Lè sa, chef gang yo p'ap gen kote pou yo kache
E apre drón yo fin lage
Lapolis ap fè pénétration pou rekipere tout vye materyèl bandi yo te konn itilize
Epi popilasyon an pral fè pwòpte
Nan pwòpte popilasyon an tou, gen bwa kale
Pou bandi ak madan bandi k'ap kouri sove
Jou sa pa lwen
Si se pa jodi, se demen

Adresse

Delmas
509

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50931673440

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque PLATE FORME Politique Solution publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à PLATE FORME Politique Solution:

Raccourcis

Partager