04/01/2021
Designed by
Do you know the Gingerbread style? I hope so !
Mwen dekouvri gingerbread yo nan premye ane achitekti m'. Se epòk sa m te fè design mwen pibliye la. Sa k' te plis fem plezi, se pa ke m te damou kay gingerbread yo men m te telman kontan ke te gen yon estil achitekti ayisyen ! Malerezman, tip kay sa yo ap disparèt an Ayiti. Si pa gen anyen ki fèt pou pwoteje yo, pitit pitit nou san lè pa konnen yo.
M pa kwè ke nan reyalite an map gen pou m' konstwi gingerbread, epòk sa a pase. Men m' konnen anpil moun toupatou damou kay gingerbread nou yo, e ak rezon !
Eske w' nan moun ki renmen estil gingerbread lan ? 🙂 Si w' vle nou diskite sou sa, mete repons wan an kòmantè.