21/05/2026
𝐎𝐓𝐎𝐃𝐄𝐅𝐀𝐍𝐒 𝐏𝐎𝐏𝐈𝐋𝐄̀: 𝐍𝐄𝐒𝐄𝐒𝐈𝐓𝐄, 𝐋𝐈𝐌𝐈𝐓 𝐀𝐊 𝐑𝐄𝐒𝐊𝐎𝐍𝐒𝐀𝐁𝐋𝐈𝐓𝐄
(𝙇𝙚̀ 𝙡𝙚𝙩𝙖 𝙛𝙖𝙮𝙞, 𝙥𝙚̀𝙥 𝙡𝙖 𝙧𝙚𝙯𝙞𝙨𝙩𝙚.)
Li fondamantal pou chak nouvèl kriz, chak nouvo fenomèn sosyal politik kreye nouvo konsèp, nouvo mouvman, nouvo aktè ak nouvo lidè k ap aji sou kriz la swa pou anpire oswa pou rezoud li.
Pa bò isit, rezistans ki t ap fèt kont sistèm esklavajis la te bay nesans avèk yon seri mouvmans ak konsèp tankou: Mawon, Libète jeneral, koupe tèt boule kay, chanpwèl...
Kriz politik lane 80 yo vini avèk Dechoukay, Makout, Pè Lebren, Kamoken, Djak, Choukèt Lawouze...
Leve kanpe anti Aristide 2003-2004 yo bay nesans a konsèp Chimè, Ratpakaka, GNB (Grenn Nan Bouda) pou idantifye diferan gwoup ak aktè.
Mouvman popilè anti PHTK sou vèsyon Jovnèl la, ki te revandike chanje sistèm nan kreye *Peyi lock*. Nou pa kapab chita sou konotasyon kontekstyèl chak konsèp yo pou n kapab rete nan objektif ti rale sa. Li enpòtan pou n souliye anfas gwo mouvman popilè ki te gen peyi lock ladan l lan, gouvènman defen Jovnèl la te bay federasyon gang G9 an fanmi e alye rekonesans legal, pandan yo t ap teworize popilasyon sivil san defans la nan miltipliye masak nan katye yo pou te kase konsiderableman mouvman popilè a. Menm federasyon gang G9 sa, pou ranfòse tèt yo pita pral rebatize an VivAnsanm ki plonje peyi a nèt nan kawo ensekirite planifye li ye la.
Fòk nou di, ensekirite gangsterize a s on fenomèn apa anndan kriz global Ayiti twouve l la, men se li ki miray ki drese sou tout lòt pwoblèm yo. Anyen pa p rezoud si n pa kraze l.
An repons ak fenomèn gang sa k ap teworize ti pèp la, yon ti pati nan popilasyon an envante yon fòm rezistans yo rele *Brigad Otodefans Popilè (BOP)* ki karakterize ak yon fòm jistis popilè (pou m pa di vanjans) yo rele *Bwakale* yo diman egzèse sou gang oswa moun yo repwoche ki nan konivans malonèt a bandi. kidonk se 2 konsèp ki pi popilè pami tout sa konjonkti a kreye. Pou kounyè a, pran ti chèz ba w, nou pral pale w de BOP. Gen kote tankou Latibonit, yo senpman rele yo Kowalisyon oswa Fòs Rezistans. Nan Pòtoprens moun yo plis di Brigad vijilans. Lè n konsidere nati bagay la, ak misyon li san n pa neglije nomanklati sa yo, teknikman nou adopte tèm *Brigad Otodefans Popilè* a nan atik sa. Se yon tèm ki egziste deja nan langaj moun yo sou kesyon an, se pa nou ki kreye l.
KISA KI YON BRIGAD OTODEFANS POPILÈ (BOP)?
Yon Brigad Otodefans Popilè (BOP) se yon gwoup sitwayen nan yon zòn, ki deside volontèman mete tèt ansanm pou patisipe aktivman nan batay kont gang bò kote fòs legal yo, nan sousi pou pwoteje teritwa yo ak lavi nan kominote a.
KI RESKONSABLITE AK WÒL BOP LA JWE?
Aprè otorite lapolis, Brigad otodefans lan pataje reskonsablite siveyans espas ak moun pou detekte ak trake bandi oswa moun k ap travay pou gang. Brigad la kòm antite ki pi fonn nan mitan popilasyon an, jwe wòl konbatan akonpayatè tèren pou fòs lòd yo nan operasyon konjwent. Otodefans lan la pou defann teritwa yo nan ka kote bandi yo atake. Brigad la dwe ensvesti l nan Sansibilize popilasyon an pou l pote kole nan batay kont gang paske popilasyon dwe premye sipò otodefans lan san fòse.
KI KOUVÈTI BRIGAD OTODEFANS LAN?
Nan yon kad legal, an Ayiti, lalwa (konstitisyon 1987 nan atik 263) rekonèt sèlman 2 fòs sou teritwa nasyonal la; PNA (Polis Nasyonal Ayiti) ak FLA (Fòs Lame Ayiti). Sa ki souzantann, konstitisyonèlman Brigad popilè pa kapab yon estrikti ame anndan peyi a. Pakont, nan atik 268.1, manman lwa peyi a rekonèt dwa otodefans chak Ayisyen genyen pou defann lakay li. Nan yon kontèks lavi an danje, sitou nan jan bandi yo ap mache masakre moun la a, kòd penal Ayisyen an rekonèt otodefans kòm efè lejitim. Kidonk li jistifyab pou popilasyon an defann tèt yo fas a danje bandi yo reprezante. Sitou se pa mwen k ap aprann nou, s on popilasyon ki sanse livre a li menm.
Sou yon plan lojistik ak bidjetè, travay sansibilizasyon an dwe pèmèt otodefans lan jwenn konfyans pèp la pou òganize konbit nan mitan popilasyon an, pou kolekte resous k ap pèmèt li fè rezistans lan san egzèse okenn presyon sou moun yo. Sou chan batay otodefans lan dwe jui kouvèti lojistik fòs lòd yo.
KISA KI YON BRIGADYE OTODEFANSÈ PÈP?
Se yon vanyan ki sakrifye tèt li nan brave danje anfas gang pou sove teritwa l ak tout lavi ladan l.
S on moun ki ekspoze lavi l anfas malè bandi yo pou sove lavi chak sitwayen pezib.
S on moun ki fè sakrifis pase nuit je kale sou pòs ap veye bandi pou sitwayen pezib ka dòmi anpè.
KISA SITIYASYON AN PÈMÈT YON BRIGADYE NAN SIKONSTANS LAN?
- Yon brigadye kapab kanpe sou pòs siveyans nan zòn estratejik pou gen kontwòl si bandi ap atake.
- Brigad la ka tann pyèj oswa barikade zòn estratejik pou pare kont-atak bandi yo.
- Nan yon "check point", Yon brigadye kapab verifye (san l pa manyen si sa pa vrèman nesesè) zafè pèsonèl (valiz, machin, sak machandiz, gadjèt elektwonik...), pyès idantite ki parèt sipèk, men tout sa dwe fèt nan respè dwa ak diyite moun.
- Deplwaye bò kote fòs lòd yo nan afwontman kont bandi.
KISA BRIGADYE A PA JANM DWE FÈ?
- Brigadye a pa dwe pwofite aksè ak privilèj konjonkti a ba li pou l abize moun sou kèlkeswa fòm nan.
- Brigadye a pa gen dwa ap afiche zam pou fè show off nan mitan popilasyon sivil la. Se sèl pandan operasyon ak sou pòs brigadye a ka pote zam avivwa. Brigadye a rete yon sivil konjonkti a oblije pran yon angajman ame pou bay peyi a yon kout men kont fenomèn gangsterizasyon an, sa pa fè li yon chèf pou sa.
- Brigadye a pa plase okenn kote pou jije ak pini moun ki nan kont antre yo nan kominote a, lalwa mete tribinal pou sa. Brigadye ak reskonsab otodefans yo pa majistra tribinal.
- Enfliyans zam pa dwe lakoz Brigadye a ap pran lapati nan konfli pèsonèl moun sou fòm mesenè (pwose tè, zen familyal elt.)
- Brigadye a pa gen dwa patisipe nan okenn zak malonèt (vòl, kadejak, ransònman, fè moun chantaj...) ni pandan ni andeyò egzèsis fonksyon brigadye l.
- Brigadye a dwe toujou gen yon konpòtman ki diferansye l de gang yo nan eksperyans batay la: Evite gen menm mòd langaj ak gang yo nan kominikasyon nou, Evite repete eslogan bandi, evite konsome mizik bandi fè. Evite pataje manipilasyon gang yo sou rezo a.
Aparans fizik yon moun ak zòn ki enskri nan kat idantite l pa dwe kondane l dofis, sispann maltrete yon moun si n pa gen bon jan prèv li nan gang elt.
- Yon brigadye pa dwe pwofite fòs rezistans lan pou regle kont pèsonèl li a moun.
- Si l pa yon ajan fòs lòd oswa lame an menm tan, Brigadye a pa dwe regle okenn lòt aktivite ak zam andeyò batay otodefans lan.
Gen gwo sanksyon lalwa prevwa pou enfraksyon nou sot site la.
An konklizyon, nou sèten mouvman otodefans k ap reziste kont a*o bandi yo nan peyi a, an majorite pa reponn avèk kad disiplinè n ap tante dekri la a. Gen anpil move pa ak move jesyon ki anrejistre ladan l. Sa ki pa etonan pou nou lè n te konnen deja pifò moun k ap manyen zam nan kad brigad popilè a pa t pare pou sa. Gen ladan yo se sèl kouraj ak bravou yo genyen. Nou wete chapo pou sakrifis yo.
Nou pa pi byen plase pou n ta ap fè preskripsyon sou batay la. Men kòm de prè ou de lwen se tout Ayisyen ki konsène, nou pataje apwòch sa yo nan lide pou ede rekadre batay otodefans la pou evite plis dega.
Brigad popilè yo monte nan objektif pou defann popilasyon an, e li vrèman nesesè nan batay pou kraze gang yo, men si n kite l kontinye ap kannale konsa a tout mankman yo, li ka devni danje pou pèp la demen.
Nouvolib Bakongo Ayiboyo
Dirijan Konbit Tanbou Pale
Amani-y, 18 zaka 222